Nou fyè pou nou prezante yon seri sèvis ki dedye pou ankouraje ak gaye literati ayisyèn lan, sou mache lokal ak entènasyonal la. Pwopozisyon nou yo gen ladan yon libri anliy an ki lye a kèk magazen fizik kòm patnè, yon sèvis piblikasyon pèsonalize, epi yon distribisyon mondyal efikas.

Nou atantif ak bezwen espesifik otè ayisyen yo epi lektè ki anvi eksplore richès kiltirèl Ayiti a. Aksesibilite, ekselans editoryal, ak inovasyon se nannan apwòch nou pou fè literati ayisyèn lan klere atravè lemond.

LIBRERI:

Nou ofri yon eksperyans acha distenk atravè libri nou an sou entènèt la ak rezo magazen fizik patnè nou yo, ki pèmèt kliyan yo dekouvri epi achte yon gran varyete liv ayisyen an kreyòl, franse, ak angle. Katalòg nou an rich epi varye, li kouvri plizyè jan literè pou satisfè tout preferans ak kiryozite. Pataj revni: 40% pou sèvis nou yo – 60% pou otè yo.

SÈVIS PIBLIKASYON:

  • Sipò Editoryal: Nou bay yon gid pèsonalize nan chak etap pwosesis ekriti a, sou sipèvizyon editè pwofesyonèl, pou asire kowèrans ak kalite tèks yo. Tarif: $20 èdtan.
  • Konsepsyon Liv: Sèvis nou yo gen ladan kreyasyon kouvèti atiran ak mizanpaj pwofesyonèl maniskri. Tarif: $170.
  • Tradiksyon: Nou ofri tradiksyon ki fidèl epi ki kiltirèlman adapte pou depase baryè lang yo. Tarif: $5 chak paj.
  • Maketing: Nou Devlope bon jan estrateji maketing sou mezi pou maksimize vizibilite zèv yo ak tout lide yo charye. Tarif: Sou demand.

DISTRIBISYON MONDYAL:

Objektif nou se elaji aksè a literati ayisyèn nan yon nivo mondyal. Pou sa, nou kolabore ak rezo distribisyon entènasyonal yo epi nou itilize teknoloji avanse pou gaye zèv ayisyen yo bay yon odyans global. Patnè nou yo gen ladan enprimri, libri, bibliyotèk, ak platfòm dijital.

Pataj Revni:

  • Depo-Konsiyasyon: 40% pou sèvis nou yo – 60% pou otè a.
  • Enpresyon sou Demann: Frè enstalasyon $150 35% nan benefis liv la pou sèvis nou yo – 65% pou otè a.
  • PDF: Frè enstalasyon $150 – 20% nan benefis liv la pou sèvis nou yo – 80% pou otè yo.

Sèvis sa yo fèt pou valorize literati ayisyèn, fasilite aksè a resous editoryal yo, epi ogmante prezans li sou sèn entènasyonal la.